Versuri
Velina chérie kè mwen
Nan silans chanm nan m ap kontanple lavi a nan glas la
Se pwòp imaj mwen m ap gade k ap panse ak ou la a
Men se ou sèl Velina ki nan fon nan fon nan fon panse m
Ou se melodi ki pi dous k ap chante nan kè m chak segonn chak minit k ap pase nan jounen m
Vwa w tankou yon kares nan zòrèy mwen lè n ap pale malgre n lwen
Se Feguens k ap pale avè w ak tout dousè ki nan nanm li jodi a
Mete men w nan men m chérie pou n ka kontinye mache sou chemen sa a
Sèt an pase sèt lanne kote n ap batay ak lavi a tankou dlo k ap koule san sispann
E malgre sa lanmou n pa janm fennen li grandi pi fò chak jou tankou yon bèl flè bò dlo
Mwen menm Feguens m ap gade foto w m ap gade w nan je ak anpil tandrès
Pou m di w ak tout fòs nanm mwen ou se sèl fanm ki gen kle kè m pou tout tan gen tan
M konnen travay mwen pran prèske tout tan m nan jounen an sa fè m mal
E m konnen distans sa a rann kè nou lou pafwa li fè m doute tou nan moman feblès yo
M konnen byen pwòp lè w bezwen prezans mwen pou m ba w yon bwa dous m pa toujou la bò kote w
Men m vle w konnen nan fon kè m se pa neglije m ap neglije w chérie se pa manke m manke anvi la
Se reyalite lavi a ak responsablite m yo k ap kenbe m mare konsa chak jou Bondye mete
Malgre tout okipe sa yo malgre distans sa a mwen toujou kenbe w nan lespri m chak souf m ap pran
Ou se sèl limyè m ou se tout lavi m nèt ale Velina
E menm apre sèt an lwen lòt se ou m renmen se ou m chwazi e se ou m ap renmen toujou chérie
Lanmou sa a nou genyen an li pi fò pase tout distans ki separe kò nou yo
Ou se sèl rezon ki fè kè m jwenn lapè ak asirans pou l bat nan mitan tout traka yo
M ta renmen n poze n de pou n pale serye ak anpil dousè pou n wè kote n prale ansanm
Paske apre sèt an lwen lòt m bezwen klète m bezwen konnen kisa n ap règle pou bèl demen nou an
M pa ta janm ka sipòte lide pou m pèdi w Velina ou se tout sa m genyen ki pi chè ki pi dous nan lavi m
Koute souf kè m k ap bat pou ou sèlman Velina chérie mwen renmen w nèt ale